Relans Pwogram Seminè LangSE nan kad « Les Mardis de la FLA » !

AfficheAn depi kriz sosyopolotik Ayiti yo ki te vin makònen ak kowonaviris la, LangSE te rive make pwen pandan ane 2020 an atravè yon pwogram prezantasyon regiliye li te administre. Bon souvni yo ap dire lontan nan sans sa a nan espri kominote a ! Anpil prezantasyon te defile ! Aktivite yo te vin bout ak yon prezantasyon Pwofesè Michel DeGraff ak Lemete Zephyr pou n te klotire yon peryòd Kreyolofoni syantifik ki te byen founi.

Ane 2021 an ankò, LangSE lanse l nan ofri kominote FLA a ak Inivèsitè yo an jeneral yon Pwogram Seminè k ap mobilize toule twa aks Laboratwa a : SMòfo (Sentaks, Mòfoloji, Fonoloji), SoDiKre (Sosyolengwistik,  Didaktik, Kreyolistik), SENAk (Semantik, Enonsyasyon, Akizisyon).

Konsa, pou relans aktivite yo, LangSE te envite Lengwis Albert Valdman ki se yon Referans mondyal nan kreyolistik, e ki se Fondatè Enstiti Kreyòl nan Inivèsite Enndyana kote l t ap anseye. Prezantasyon sa a ki te fèt madi ki te 8 jen 2021 an adistans sou Microsoft Teams te gen pou tèm :  « Kontribisyon lengwistik pote bay kreyòl la nan fè lang lan tounen yon zouti pou fè :

  • etid sou varyasyon lengwistik ;
  • elaborasyon diksyonè ».

Pwofesè emerit Albert Valdman, ki se Otè 2 gwo diksyonè bileng kreyòl / Anglè e ki dirije plis pase 50 tèz doktora sou kesyon kreyolistik ak sou didaktik lang etranjè, te pataje yon bon mòso nan eksperyans rechèch li sou kreyòl ayisyen an,  sou sosyolengwistik an jeneral, sou leksikografi an patikilye.

Evènman an ki te reyini anpil Kreyolis, Didaktisyen, ak anpil Konbatan nan kesyon lang kreyòl, te yon bèl omaj pou lang matènèl la !

Si ou pa t gen chans asiste kokenn aktivite sa a, nou envite w swiv li sou lyen sa a kote tout Seminè a anrejistre : https://bit.ly/3gezPEk 

Remèsiman espesyal LangSE ale jwenn Pwofesè Lainy Rochambeau ki te jwe wòl Moderatè seyans lan ; egalman, remèsiman nou al jwenn alafwa Direksyon enfòmatik Rektora a Pwofesè Marc Manuel Flimerlus ap dirije, ansanm ak Sèvis enfòmatik onivo FLA !

Anfen, LangSE di tout moun ki te prezan yon gwo Mèsi !

Ekip LangSE a swete pwoblèm sosyopolitik yo p ap ralanti l nan pwogramasyon trè rich li gen nan planifikasyon li pou peryòd nou ladan la a. Nou pwomèt n ap kenbe kominote a enfòme.

Joseph Marcel Georges
Sek. LangSE/FLA-UEH
joseph_marcel.georges[AT]ueh.edu.ht
3 jiyè 2021